Accessibility links

Breaking News

Mank Gaz Ap Trakase Ayiti



Depi 2 jou gen yon mank esans nan kapital Ayisyèn nan sitou gazoline 91 ak gazolin 95. Pi fo stasyon gaz yo fèmen -- yo di yo pa gen gaz, e lè yo genyen yo ekoule gaz la rapidman paske gen yon presyon sou lot stasyon ki genyen yo.

Sa ki pase, selon responsab ki ANADIP (Asosyasyon Nasyonal de Distributè Pwodui Petwolye) yo kwè se yon bato ki te gen pou rive e bato sa a rive an reta - li poko rive juskaprezan - donk se pou sa ke gen kriz gaz sa a.

Randolph Rameau, prezidan ANADIP la ekplike sityasyon an. "Aparaman bato ki te supoze rive le 11 gen yon reta," misye deklare.

Misye Rameau fè konnen jodia pral gen yon chita tande avèk konpayi kap vann petwol yo Anayiti e pwobableman ak responsab gouvènman yo tou pou konnen egzakteman kisa k'ap pase.

Misye Rameau di li ta swete ke gouvènman an apwovizyone sou lot mache - ot ke mache Venezyelyen an. (Gen yon ako petwo-karayibeyen donk se nan men peyi Venezyela sèlman ke konpayi petwolye ki opere nan peyi d'Ayiti yo achte gaz.)

XS
SM
MD
LG