Accessibility links

Breaking News

Premyè Dam Amerikèn nan Ap Vizite Ayiti


Premyè dam Amerikèn nan Michelle Obama twouve'l Anayiti jodi Madi a pou yon sejou tou kout, 3 mwa apre tranbleman de tè ki te ravaje peyi a.

Madan Obama rive Potoprens ansanm ak Jill Biden ki se madanm Vis Prezidan Ameriken Joe Biden. Vizit la fèt san yo pat avèti laprès d'avans. Premyè dam nan prale anvan Meksik apre sa, nan kad premye vwayaj ofisyèl li fè poukont li nan yon peyi etranje.

La Mezon Blanch fè konnen vizit la gen kom objektif pou souliyen angajman Lèzetazuni pran pou'l ede Ayiti reprann ni epi rekonstwi apre tranbleman de tè puisan an ki te mezure 7.0 sou nechèl Riktè a e ki touye omwens 217,000 moun epi kite dè milyon lot san kay pou yo rete.

Yon ti tan apre li te rive Anayiti, Madan Obama ak Madan Biden te monte nan elikoptè pou yo fè vire ron Potoprens kote batiman kraze an miyèt moso e yon pakèt moun ap viv nan site-tant. Madan Obama dekri devastasyon li wè a kom "powerful" kivledi "puisan".

Medam yo rankontre tou, Prezidan Ayisyen an Rene Preval ak madanm ni Elisabeth Debrosse Preval.

Madan Obama ak Madan Biden t'al vizite yon pwogram swen timoun ki rele "espas timoun". Se yon lyeu kote yo tè terapi ar ak dè santèn timoun epitou yo ba yo manje.

Vizit sa a vini apre Federasyon Entènastyonal La Kwa Wouj ak Sosyete Kwasan Wouj di lap ogmante jefo li pou jwenn abi pou moun san kay yo anvan sezon pluvyez la pran fos nan mitan mwad Me a.

Responsab La Kwa Wouj nan Jenèv di yo dispoze abri durjans pou 80 pousan reskape Ayisyen yo ke yo estime a yon valè 1,5 milyon moun. Objektif yo se pou bay tout sinistre yo abri anvan premye Me.

Pi ta jodi Madi a, Madan Obama pral vwayaje Meksiko siti kote li va pase 3 jou. Vizit sa a gen kom bu pou pwomouvwa relasyon ant Etazuni ak peyi Meksik. Madan Obama va rankontre premyè dam Meksikèn nan Margarita Zavala de Calderon pou diskite sou kestyon ki gen rapo ak edukasyon epi devlopman ekonomik.

XS
SM
MD
LG