Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ayisyen an Pral Deplase 80.000 Reskape


Premye minis ayisyen an, Jean-Max Bellerive, fè konnen gouvènman an ap travay seryezman sou dosye moun sanzabri yo -- antròt, moun kap viv nan zòn ekspoze ki riske sibi inondasyon lè sezon lapli a rantre. Premye minis la di li rekonèt gen moun ki abite nan kan kote si lapli komanse tonbe moun sa yo kapab fè fas ak gwo danje e menm pèdi lavi yo.

Akòz nesesite ki egziste pou voye moun sa yo yon kote ki ofri plis sekirite, premye minis la di otorite yo mete yon pwosedi klè an plas.

"Gen moun ki nan kèk kan ki twò chaje," dapre eksplikasyon minis la eksplike, e li di "ifò yo deplase moun yo nan kèk zòn nou ka kreye kondisyon pi "décent" pou moun yo. Lè'm di kondisyon pi desan, savledi fò'n amelyore kondisyon sanitè yo piske lapli ka pwovoke epidemi -- depi gen dlo kap sikile, maladi kap sikile, mikwòb, kapab sikile etc. donk fò'n amenaje kèk kote kondisyon lavi a pi "décent".

Premye Minis Bellerive di ifò yo kreye travay tou pou popilasyon an.

Gen plizyè moun yo entèvyouwe nan kan yo ki fè konnen yo ta swete rete nan zòn kote yo abitye a.

XS
SM
MD
LG