Dapre otorite yo gen 30 Ayisyen ki nan yon sant detansyon nan eta Florid.
Marleine Bastien, direktris FANM, (Fanm Ayisyen Nan Miami) nan Miami fè konnen pi fo moun ki nan detansyon yo pa gen viza e yo te vwayaje Ozetazuni pou yo swa vinn akonpaye malad oubyen sèvi kom entèprèt pou manm fanmi yo.
Madan Bastien di anpil nan moun sa yo pran desizyon pou yo vinn Ozetazuni nan eta de kriz san papye, san dokiman. Li di sityasyon sa a se rezulta yon mank planifikasyon.
Dapre madan Bastien, depatman Homeland Security Lèzetazuni an ap travay sou ka moun sa yo aktyèlman. Setadi yap chache enfomasyon sou yo anvan yo lage yo. Preokupasyon gwoup FANM nan se pou gen yon planifikasyon ki fèt pou anpeche bagay konsa rive anko. Madan Bastien siyale anpil nan moun sa yo twomatize anpil nan yo ap soufri sendrom post twomatik apre tranblaman de tè 12 Janvye a e li ta renmen evite pou moun sa yo vinn retwomatize anko.
Madan Bastien di li gen konfyans moun ki anba detansyon yo pral lage.