Accessibility links

Breaking News

Divès Sektè Pa Dako Ak Entansyon Preval Pou'l Dirije Pwogram Durjans 18 Mwa a



Senatè Jean Hector Anacasis fè konnen li pa dako ak sèten lidè nan sosyete sivil la ak nan klas politik Ayisyen an, kap soulve tèt popilasyon an kont ekip Bellerive-Preval la ki pa ta byen jere kriz 12 Janvye 2010 la.

Senatè a kwè yon pwosesus diyalog ant sosyete sivil la ak klas politik la, prezidans la ak gouvènman an se sèl altènativ pou jwenn yon solusyon politik an favè tout sektè nan kad refondasyon leta a. Misye kwè tou rekonstruksyon peyi d'Ayiti dwe fèt ak otorite lejitim.

Oganizasyon eleksyon nan fen ane 2010 se sa manman lwa peyi a mande. Fok gen stabilite politik pou reoganizasyon leta fèt dapre senatè a.

"Tout nèg depi tranbleman de tè a yo konsidere se kom si se yon espas yo kreye pou yo fè kou d'eta," senatè Anacasis deklare. "E konbyen mwa pou pèp la rete? Li di lap fè eleksyon...li pa di lap kenbe pouvwa a."

Sèten lidè politik -- Evans Paul, K Plum ak Imler Rebu ak lot ki te patisipe nan yon emisyon trèzekoute sou yon stasyon radyo nan Potoprens Samdi swa mande popilasyon Ayisyenn nan leve kanpe kont gouvènman Bellerive-Preval la pou anpeche lwa sou eta durjans ke Prezidan Preval mande pou pwolonje pandan 18 mwa a pa vote nan palman an.

Yo mande leve kanpe a tou pou anpeche oganizasyon eleksyon nan lane 2010 e pou fè tande vwa yo tou konsènan plan rekonstruksyon gouvènman an t'al prezante nan Nouyok Mèkredi 31 Mas pase -- yo plan yo di ki pa reponn bezwen priyoritè pèp Ayisyen an ki bezwen kay pou yo domi ak travay, prèske 3 mwa apre tranbleman de tè 12 Janvye a.

XS
SM
MD
LG