Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Depaman Kontinye Paret Sou Lwa Durjans Preval Pwopoze a



Senate Ayisyen yo komanse fè gwo deba sou posibilite pou yo ta pwolonje pou 18 mwa lwa sou eta durjans la jan Prezidan Rene Preval swete'l la. Opinyon senatè yo pataje sou dosye a -- sèten nan yo kwè dokiman egzekutiv la prepare sou modifikasyon lwa 9 Septanm 2008 sou eta durjans la pa kadre ak manman lwa peyi D'Ayiti a.

Pou senatè Jean-Williams Jeanty, okenn palmantè pa dwe vote an favè lwa sou pwolongasyon eta durjans la puiske dapre misye, sa pral antere plis toujou pouvwa leta yo andedan peyi d'Ayiti.

"Pou mwenmenm, se yon skandal bagay sa a ye," senatè a deklare. "Se yon krim de wot trayizon sa ye paske on Ayisyen, on nasyonal, on moun ki gen responsabilite sou reyalite peyi a, ou paka pran desizyon sa a pou mande palman an pou'l hara-kiri tet li, pou mande pep la, ki te leve k'al vote yon seri de reprezantan ki ba'l manda pou kontwole lajan kap depanse nan peyi a epi pou bay peyi a oryantasyon -- pou'w mande moun sa yo pandan 18 mwa pou moun sa yo bay on men leve pou'w wetire fonksyon fondamantal ki genyen ki kontwole depans egzekutif la -- or nan moman sa a se yon moman kote non sèlman gen suspisyon sou egzekutif la, men an menm tan tou gen anpil lajan ke yo pwomèt pou yo bay."

Pandansetan pou Senatè Eddy Bastien, kolèg yo kapab vote lwa a men fok vot yo kondisyone komsadwa e yo di genyen yon antant politik ki jwenn ant tout sektè nan vi nasyonal la.

"Fok nou wè plan d'aksyon an klè pou 18 mwa a - men sa'k pral fèt -- pa egzanp gen 76 kilomèt wout ki prevwa pou fèt andedan peyi a -- eben imajine mwenmenm ki pral vote yon eta durjans, san'm pa wè ki kote 76 kilomèt wout la enskri andedan aksyon ki pral mennen pandan 18 mwa a," senatè Bastien siyale. "Li pa kesyon! Savledi ke fok genyen yon ako politik ki negosye ansanm avèk tout aktè yo."

Senatè Jean-Williams Genty ansanm avèk Eddy Bastien se respektivman youn nan reprezantan depatman mid ak nodouès peyi d'Ayiti.

Nap raple 16 Janvye 2010, gouvènman an te deklare yon eta durjans nan sou tout teritwa nasyonal la, akoz sityasyon katastwofik seyism 12 Janvye a te okazyone nan peyi a. 31 Janvye 2010, selon atik 5 nan lwa 9 Septanm 2010, gouvènman an te pwolonje lwa eta durjans la pou 15 jou -- lwa a te fini 15 Fevriye pase.

Jounen jodia, prezidan Preval modifye lwa sa a kote'l mande palmantè yo vote pou 18 mwa a pou'l kapab reponn (dapre sa'l di) a egzijans popilasyon sinistre a ke li estime nan gwo kalamite. Enfomasyon yo revele tou vot palman an ap enpotan anpil nan kad dekesman lajan kominote entènasyonal la konsènan dosye rekonstruksyon kap pale a.

XS
SM
MD
LG