Accessibility links

Breaking News

Lekol Louvri Anayiti Jodia Men Se Pa Tout Moun Ki Kontan



Se jodi Lendi 5 Avril la, Ministè Edukasyon Nasyonal ak Fomasyon Pwofesyonèl kenbe ofisyèlman pou reouvètu lekol ki pat fonksyone nan yon seri zon pandan prèske 3 mwa akoz dega tranbleman de tè 12 Janvye a te koze. Zon ki pi afekte yo se: Potoprens, Leogane, Ti Goave ak Jacmel.

Nan okazyon sa a yon oganizasyon sendikal anseyan mande otorite konsène yo pran desizyon nesesè pou pèmèt rès ane skolè a reyusi pou tout moun ki enplike nan sistèm edukasyon peyi a.

McKinley Goudin, kowodonatè oganizasyon sendikal anseyans la fè konnen, depi apre seyism 12 Janvye a, yo te angaje yo nan yon seri aktivite kote yo mete yo a nivo (dapre sa'l di) an tèm de preparasyon pou reouvètu lekol la.

"Nou vle pou se tout moun -- tout timoun yo -- ki pral lekol," misye deklare. "Se pa yon sèl moun, se pa pou yon kantite moun, men nou vle pout tout lekol la nèt ki louvè an jeneral."

Misye ajoute li ta renmen pou leta pran responsabilite pou'l atenn objektif sa a pou pèmèt tout timoun al lekol.

Dapre konsta lavwadlamerik fè nan Potoprens, pa gen anpil preparasyon ki fèt pou lekol ta relouvè komsadwa jodi Lendi 5 Avril la.

Sepandan, Minis Edukasyon Nasyonal ak Fomasyon Pwofesyonèl la, Joel Derousier Jean-Pierre pale de "reouvètu pwogresiv". Gouvènman an te pale de enstalasyon tant nan espas batiman skolè ki kraze yo men Vwadlamerik pa konstate yo -- e anpil paran refuze voye pitit yo lekol anba blok, anba mas beton apre sak te pase 12 Janvye a.

XS
SM
MD
LG