Accessibility links

Breaking News

Preval: Gouvènman an Pa Koronpu,  Eleksyon Ap Fèt


Prezidan Ayisyen-an, Rene Preval, ki te vizite Washington semèn pase-a, anvan yon vwayaj nan vil Roseau, nan la Dominique nan wikèn-nan, te rankontre avek la près an’Ayiti pou-l te pale de objektif ak rezulta vire won sa-a.

Pandan vizit sa a Misye Preval te fè chita tande ak Prezidan Ameriken an Barack Obama epi bayè de fon entènasyonal yo.

Dapre Rene Preval, li te diskite sou eleksyon Ayisyèn yo avek Misye Obama. Li ajoute ke Sekretè d'Eta Ameriken an Hillary Clinton kwè li enpotan pou oganize eleksyon tou.

Eske pèp Ayisyen an la dako? "Tout moun ki pa vle'm pale de eleksyon jodia an Desanm ou pral tande pwoblem. Eleksyon ap fèt!" Misye Preval deklare.

Sou kestyon korupsyon an, Prezidan Preval demanti ke gouvènman li an koronpu. "Kijan fè yon peyi koronpu gen èd budjetè?," Misye Preval mande. "Mwen pa aksepte pou yo di gouvènman an koronpu."

Prezidan an mande poukisa yo soulve kestyon sa a apre tranbleman de tè a? Eske se ta pou sabote li?

Misye di li poko wè okenn prèv pou montre gen korupsyon nan gouvènman li an.

XS
SM
MD
LG