Accessibility links

Breaking News

Obama, Preval Diskite Sou Rekonstruksyon Ayiti 


Prezidan Ameriken an Barack Obama deklare sityasyon an Anayiti grav toujou, kote anpil moun toujou dezespere -- yo pa gen kay pou rete, yo pa gen manje e yo pa gen medikaman.

Prezidan Obama di defi a se anpeche yon dezyèm dezas frape peyi a.

Misye Obama te pran la pawol nan la Mezon Blanch pandan yon konferans pou laprès li bay ansanm ak Prezidan Ayisyen an Rene Preval.

Misye Preval di priyorite nimewo un Ayiti se pwoteje reskape ki sanzabri yo. Misye ajoute peyi a gen pou'l konsantre'l tou sou rekonstruksyon epi asure ke sitwayen nan tout rejyon peyi a gen aksè a edukasyon, swen sante ak travay.

Prezidan Preval di fok le mond "tire konkluzyon apre trajedi a". Li pale tou de bezwen ki egziste pou pi bon kowodinasyon epi yon repons entènasyonal pou asistans ki pi efektif.

Misye Préval byen gen pou'l rankontre tou ak kèk manm kongrè Ameriken-an aprè vizit-li nan La Mezon Blanch, nan moman kèk depute ak senatè enpòtan ap fè presyon pou Lèzetazuni ogmante benefis li ofri Ayiti nan echanj komèsyal-li ak peyi sa-a, dekwa pou Ayiti kapab relanse sektè tekstil-la lakay-li – sutou sektè konfèksyonnman rad pou ekspòtasyon. Nan yon seyans depozisyon ki te dewoule yè madi-a nan kongrè-a sou pwogram preferansyèl Lèzetazuni ofri kèk peyi nan domèn komèsyal-la, prezidan Komite Finans-la nan Sena-a, Demokrat Max Baucus, apiye lide pou Ayiti benefisye plus de pwogram sa-a.

“Youn nan peyi ki benefisye de pwogram preferansyèl-nou-an, Ayiti, te gen pou l fè fas ak yon kalte devastasyon ki san parèy nan kòmansman ane sa-a," Senatè Baucus deklare. "Nou fèt pou n apiye efò Ayiti ap fè pou l rekanpe sou pye-l aprè tranbleman detè-a; e pou sa, nou dwe kreye pwogram ki ankouraje òm-dafè ameriken al envesti nan sektè abiman-an ann Ayiti."

Demokrat Max Baucus, se prezidan Komite Finans-la nan Sena Ameriken-an. Nan yon seyans depozisyon ki te dewoule yè Madi-a nan kongrè-a yo te diskitie sou pwogram preferansyèl Lèzetazuni ofri kèk peyi nan domèn komèsyal-la.

Aprè yon rankont Prezidan Preval te genyen yè Madi-a ak Sekretè-D'Eta Hillary Clinton nan Depatman D'Eta-a, lidè Ayisyen-an te deklare se tap yon gwo kokenn erè istorik si yo ta rebati kapital Ayiti-a, Pòtoprens, menm jan li te ye anvan tranblemandetè 12 Janvye pase-a. Li te kontinye pou'l di travay ki dwe fèt jounen jodiya, se non sèlman remete Pòtoprens sou 2 pye-l, men tou se envesti nan pwovens-yo ki merite rekonstrui tou.

Bò kote pa-l, chéf diplomasi Amerikèn-nan bay otorite Ayiti-yo konsèy pou yo òganize eleksyon lejislativ osito ke posib, paske, daprè Madam Clinton, nouvo eleksyon se yon eleman-kle pou estabilite ak lejitimite yon gouvènman.

XS
SM
MD
LG