Accessibility links

Breaking News

Paraison: MAVE Ap Travay Pou Defann Enterè Dyaspora a


Minis Ayisyen Kap Viv nan Peyi Etranje a (MAVE), Edwin Paraison fè yon rankont yè Mekredi a ak manm kominote Ayisyèn nan nan Little Haiti nan Miam. Ministe sila a, ki reprezante yon afè de 4 milyon Ayisyen gen kom objektif pou sevi kom reprezantan dyaspora a devan gouvenman Ayisyen an.

Minis Paraison, fè konnen li se yon manm dyaspora a tou - li te pase 26 zan ap viv epi travay nan Republik Dominikèn anvan li te jwenn nominasyon kom minis an Novanm 2009. Misye di se Lezetazuni ki gen pi gwo dyaspora a. Pami lot peyi ki gen gwo kominote Ayisyen gen Republik Dominiken, Kuba, Antiy yo ak Kanada. Minis Paraison presize ministè li a gen responsabilite pou'l jere relasyon entè-Ayisyen.

"Mwen ta renmen pou nou wè'm tankou yon reprezantan dyaspora a bo kote kabinè ministeryèl la. Mwen nan kabinè a pou defann enterè nou ak tout sa ki gen pou wè ak dyaspora Ayisyèn nan.

2 dosye priyoritè pou ministe a, dapre Edwin Paraison se: vot Ayisyen kap viv nan peyi etranje epi kestyon doub nasyonalite a.

"Lè'm [te] rive andedan an mwen te rete konvenku de wol kapital ministè sa a gen pou'l jwe Anayiti -- pou devlopman Ayiti -- e kounyea, apre tranbleman de tè ki frape de fason nou konnen deja a."

Minis Paraison admèt ke pandan 15 zan egzistans li, pèfomans MAVE la pat toujou nan kalite dyaspora a te bezwen an.

"Nou vle elabore kounyela a ansanm sou yon plan d'aksyon, yon nouvo strateji pou fe ministè sa a tounen yon ministè estratejik."

Apre entwoduksyon Minis Paraison an, asistans la te gen opotunite poze kestyon. Gen yon moun ki soulve preokupasyon anpil manm dyaspora a genyen le yo tande gouvenman Ayisyen an ap enpoze taks sou èd umanitè kap antre Anayiti.

Edwin Paraison reponn ke mezu taks gouvenman an enpoze sou kèk bagay kap antre nan peyi a gen kom bu pou "evite moun pran woulib sou sityasyon sa a [tranbleman de tè a]." Minis la ajoute "pa gen okenn taks sou èd dyaspora a."



XS
SM
MD
LG