Accessibility links

Breaking News

Préval Pral Rakontre Obama 10 Mas Nan Washington, DC


Prezidan ayisyen an, René G. Préval, ap rankontre le 10 mas nan Mezon Blanch lan, isit nan Washington, DC ak tokay ameriken li, prezidan Barack H. Obama. 2 lidè yo pral pale sou asistans, relèvman, efò rekonstriksyon yo nan peyi Dayiti e sou kontribisyon enpòtan Lèzetazini ak kominote entènasyonal la pote nan demach sa a.

Mesye Obama pral diskite ak mesye Préval sou fason kominote entènasyonal la ka ede pi byen gouvènman Repiblik Karibeyen an ak pèp ayisyen an nan moman ya'p prepare pou yo rebati e jete fondasyon pou yon avni miyò.

"Genyen yon relasyon manch-long ki makònnen Lèzetazini ak Ayiti. Ayisyen yo se vwazen nan Amerik la, e Ayisyen-ameriken yo pote anpil kontribisyon nan peyi nou an", selon yon nòt laprès Mezon Blanch lan pibliye vandredi.

Toujou selon nòt la, prezidan Obama ap tann pou'l akeyi prezidan Préval nan Mezon Blanch lan pou souliyen angajman li vizavi pèp ayisyen e montre yo ke yo genyen yon zanmi ak yon patnè nan Lèzetazini.


XS
SM
MD
LG