Accessibility links

Breaking News

Hillary Clinton Rann Omaj a Volontè Ameriken Ki Ede Nan Efo Sekou a Anayiti


Sekrete-deta Lèzetazuni-an, Hillary Clinton, pran lapawòl maten-an devan yon gwoup volontè Ameriken pou l remèsye yo e onore yo, nan non Administrasyon Obama-a, pou patisipasyon-yo nan efò sekou ak asistans Lèzetazuni te mete sou pye pou Ayiti aprè tranbleman de tè 12 Janvye pase-a. Anbasadè Ameriken-an nan Potoprens, Kenneth Merten, ak anplwaye misyon diplomatik-la ann Ayiti te kapab patisipe nan seremoni sa-a atravè video-konferans dijital. Anpil pami plis pase 1,800 anplwaye Depatman deta (ki swa nan sèvis diplomatik a l’etranje, swa nan administrasyon piblik o Zetazuni, swa detache nan konpayi kap travay sou kontra ak Depatman-an), ebyen, anpil nan yo te prezan pou tande deklarasyon chèf diplomasi Amerikèn-nan sou kontribusyon volontè Ameriken sa-yo nan efò komunote entènasyonal-la te deplwaye pou reponn devan ujans ke tranbleman detè-a te kreye ann Ayiti. Sekretè-d’Eta Clinton di kontribusyon sa-a pral ranfòse anvan lontan.

"Nan fen mwa sa-a pral genyen yon konferans peyi donatè-yo ke Lèzetazuni ak Nasyon Zuni pral patwone nan New York, pou jwenn lajan pou moun ki pral travay nan efò rekonstruksyon-an ann Ayiti, e pou kontinye travay kowòdinasyon efò entènasyonal-yo,” Madan Clinton deklare.

Madam Clinton, ki fè volontè Ameriken-yo konpliman pou devouman yo manifeste ak sakrifis-yo te fè pou yo t’al ede pèp Ayisyen-an, ensiste sou dispozisyon menm volontè sa-yo genyen pou yo retounen al kontinye ede viktim-yo ann Ayiti , paske travay la poko fini.

“E nan mwa ak ane kap vini la-yo, ni gason ni fanm nan Depatman Deta e nan USAID pral kontinye respekte angajman nou pran pou’n rete bò kote pèp Ayisyen-an,” Madan Clinton ajoute.

Sekretè-d’Eta Clinton pran angajman pou Ayiti rete youn nan prensipal preokipasyon Depatman Deta pandan pasaj-li nan tèt diplomasi Amerikèn-nan; e li fè konnen li gen konviksyon ke volontè ki patisipe nan rankont jodiya pataje menm enterè sa-a pou pèp Ayisyen-an.

“Ayiti pral rete yon priyorite osi lontan ke se mwen ki sekretè-deta ameriken e m konnen li pral yon priyorite pou nou tout ki la-a, e ki te pote èd-nou nan operasyon sekou umanitè ki pi gwo, ki pi vast, ke nou janm lanse juskaprezan; nou tout ki vinn la-a, nou pral toujou prezan avèk nou, pou n respekte angajman nou pran vizavi Ayiti,” Madan Clinton di.

XS
SM
MD
LG