Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ayisyen an René Préval Remèsye Etazini pou Asistans li Bay Ayiti Aprè Tranblemand-tè 12 Janvye a


Prezidan ayisyen an René Préval fè yon diskou nan la mezon blanch mèkredi 10 mas la, kote l deklare: dega ke tranblemand-tè 12 janvye a fè ann Ayiti, se bagay mounn pa kapab imajine.

Sepandan, li di repons-rapid kominote entènasyonal la te a-la-wotè katastròf-la. Prezidan Préval remèsye pèp ameriken an, kongrè a ak prezidan Obama ansanm ak madanm ni, non sèlman pou èd materyèl yo bay pèp ayisyen an, men tou pou sipò moral yo bay Ayiti aprè tranblemann-tè 12 janvye a.

Prezidan Etazini an, Barack Obama bò kote pa l, pran angajman pou Etazini kontinye ede Ayiti pandan peryòd rekonstriksyon peyi a.

Klike sou lyen ki anlè e adwat atik la pou w koute tout diskou prezidan Préval la.


XS
SM
MD
LG