Accessibility links

Breaking News

Konsula Ayisyen Nan Miami Kontinye Travay Pou Ede Reskape Yo


Konsula Ayisyen nan Miami te reponn tou suit apre tranbleman de te 12 Janvye a ak yon vwayaj "a l'aventure" 2 anplwaye -- Konsul Jeneral Adjwen Alex Jospitre epi Ajan konsuler Fritz Douge te fe pou we ki sekou yo te ka pote bay moun yo Anayiti.

Met sou vwayaj yo te fe Anayiti, Konsula Ayisyen an gen yon "warehouse" setadi yon depo kote li ranmase tout kalite bagay moun fe kado pou ede reskape yo soti depi nan rad pou rive nan dlo, chez woulant epi manje an bwat.

Konsul Jeneral Adjwen Jospitre fe konnen jenerozite etranje yo te montre vizavi Ayiti te touche'l anpil.

Kounyea ke asistans la komanse ap diminye, Jospitre di li ta renmen fe konnen bezwen a egziste toujou gen pou bagay tankou tant ak medikaman pou reskape yo nan moman sezon pluvyez la ap antre sou yo. Misye presize ke fok moun pran prekosyon pou yo pa pote manje oubyen medikaman ki finn pase dat ekspirasyon an epitou pa pote rad amwens ke yo tou nef.

Jospitre, ansanm ak Ajan Konsule Stanley Calixte ki travay nan depo a 6 jou sou 7 fe konnen gen de moun ki "mechan" le yo pote ju ki finn pase dat ekspirasyon an oubyen rad ak sou vetman tou sal ba yo. An fet tout anplwaye Konsula a mete aksan sou kestyon sa a. Si'w ta renmen kontribye a jefo Konsula Ayisyen pou ede reskape yo, tcheke sit web yo oubyen paj Stanley Calixte sou "Facebook".

Pa bliye yo pap aksepte rad, ni pwodui ki finn depase dat ekspirasyon an. E si'w ta renmen we depo a, anplwaye kap travay ladann ak machandiz yo anvizaje voye bay Ayiti, tcheke galri foto nou an.



XS
SM
MD
LG