Accessibility links

Breaking News

Clinton Diskite Sityasyon Ayiti a Pandan Yon Rankont L'ONU


Ansyen Prezidan Ameriken Bill Clinton, ki se anvwaye espesyal Oganizasyon Nasyonzuni pou Ayiti te fe yon reyunyon ye Jedia nan katye jeneral L'ONU nan Nouyok avek direkte diferan ajans oganizasyon an pou yo te abote sityasyon an nan peyi D'Ayiti.

Misye Clinton fe remake repons kominote entenasyonal la apre tranbleman de te 12 Janvye pase a genyen konsekans pozitif. Sepandan, etan done dimansyon gwo kokenn soukous sa a, Misye Clinton rekonet gen anpil bagay ki rete pou fet toujou, espesyalman travay pou fe viktim yo jwenn abri ak sanitasyon, nesesite pou bati kay ki ka reziste kont siklon nan kan pwovizwa yo, mete sou nesesite pou ranfose sekte agrikol la pou sezon ki fek komanse a.

Anvwaye espesyal L'ONU an ensiste sou enpotans efo ki dwe fet pou plante/elve ak moun ki fe jandinaj jwen sa yo bezwen pou yo travay, menm jan sa enpotan tou pou pwofesyonel kap mete pwodui sa yo a la dispozisyon yo. Bill Clinton pale tou de nesesite pou Sosyete Sivil la patisipe le plus posib nan efo sekou yo ni a kou tem, ni a lon tem. Patisipan nan rankont sa a nan katye jeneral L'ONU nan Nouyok te pale tou de enpotans travay ki dwe fet pou mete limye ak plis moun nan kan yo pou ranfose sekirite a.

Sou demann Prezidan Barack Obama, e gras ak yon nouvo pwoje gouvenman Ameriken kreye pou Ayiti apre tranbleman de te a, e ki relel "Clinton-Bush Haiti Fund" (setadi Fon Clinton-Bush pou Ayiti) ansyen prezidan Bill Clinton ap apiye efo sekou yo direkteman e menm travay la ap fet gras ak yon lot pwogram ki rele " Fon Sekou Fondasyon Clinton pou Ayiti Apre Tranbleman de Te a" yon pwogram ki deja mete $7 milyon a la dispozisyon 23 oganizasyon ki sou teren an Anayiti e kap travay san pran souf pou fe moun yo jwenn asistans nan domen manje, dlo, swen medikal, abri ak edukasyon.

XS
SM
MD
LG