Le tranbleman de te 12 Janvye a te frape Ayiti, legliz katolik Notre Dame d'Haiti te mobilize pou ede sinistre yo.
"Sete yon big chok pou kominote a," Pe Reginald Jean-Marie sonje. Misye fe konnen yon jou apre katastwof la, legliz la te oganize yon mes memoryal nan memwa viktim yo.
Met sou sa, legliz la te tounen yon sant koleksyon pou rad, manje, dlo ak lot bagay anko pou voye bay reskape yo. Yon semen apre, legliz la te oganize 3 misyon medikal pou Ayiti gras ak jenerozite kek byenfete nan Nouyok, Los Angeles ak Bahamas ki te prete legliz la avyon prive yo.
Notre Dame D'Haiti nan Little Haiti (Ti Ayiti) nan Miami, se yon misyon ki tabli an 1979 avek "flux" Ayisyen ki tap antre Miami yo. Li lye direkteman avek legliz Notre Dame du Perpetuel Secours Anayiti. Misyon katolik sa a te komanse avek 70 fidel. Jodia, li gen yon kongregasyon preske 5,000 fidel.
Pe Reginald Jean-Marie fe konnen, legliz sa a reprezante plis pase yon legliz - li se "salon kominote Ayisyen an". Met sou asistans spirityel, li ofri asistans sosyal pou fidel yo tankou pa egzanp antrenman travay, lekol alfabetizasyon, gadri pou timoun, lekol muzik epi konsey legal pou moun ki vle aplike pou statu pwoteje pwovizwa a - TPS.
Met sou asistans Notre Dame d'Haiti ap bay sinistre yo nan Potoprens, li dirije jefo tou nan Kap Ayisyen, nan nodoues la e yo anivzaje ale nan s ud la - Jacmel. Okay, epi Jeremi.
"[Oganizasyon charite]Food For the Poor te aksepte fe nou don de 11 kontene ki deja ranpli - ki deja Anayiti alo konsa Caritas Nasyonal pral eseye pran tout asistans sa yo kote yo pral distribye yo bay diferan Caritas diyosez la pou kapab touche tout diferan depatman yo nan peyi d'Ayiti, yon fason pou chak moun omwen ki nan bezwen kapab jwenn kelke choz - sa se kontribusyon pa nou," pe Jean-Marie eksplike.
Efo sa a ap fet de legliz a legliz - "se jus yon repons legliz" pe Jean Marie fe konnen. Gouvenman Ayisyen an pa patisipe ladann. Pe a presize sa pa vle di se selman katolik ki pral benefisye asistans la. Tout relijyon ka patisipe.
4 Mas, pe Jean-Marie ap retounen Ayiti nan kad premye misyon ofisyel legliz li a "de concert" ak achidiyosez Potoprens la. Misyon sa a gen kom bu pou ede moun ki juskaprezan neglije setadi ki poko resevwa okenn asistans. Misyon sa a, ki pral dure 4 jou ap gen ladann 16 medsen, enfimye, konseye, pret katolik ak me relijez. Pami katye yo pral vizite gen Notre Dame de Lourdes, site milite, St. Louis Roy de France, ak Carrefour. Pe Jean-Marie di asistans yap pote a pa limite a moun ki rete nan kan sa yo selman, nempot ki moun ki nan zon nan e ki nan bezwen kapab vini tou.
Gras ak travay responsab vil Miami epi Rotary Club, gen 2 vil Ayisyen ki pral resevwa anbulans - preske nef - nan kad misyon legliz Notre Dame d'Haiti. Yo se: legliz St. Francois de Salles nan Potoprens, ak Lopital Gonaives la. Yon bato Rotary Club la pral transpote anbulans sa yo, ki estasyone nan lakou legliz la nan peyi d'Ayiti Jedi 4 Mas la.
Pe Reginald Jean-Marie di li espere Ayisyen nan dyaspora a pral rete mobilize pou ede peyi natif natal yo e ke yo va kontinye lapriye pou Ayiti.
"Gen plizye efo kap fet - swa nan dyaspora a swa nan peyi D'Ayiti - nan kelkeswa sa Bondye te kapab beni nou - pa pe -- pa pe bay.... Bondye se nan sustraksyon ke'l adisyone. Donk pa pe bay yon lot ki nan bezwen."
*Pou plis detay sou kijan ou kapab patisipe nan efo sekou legliz la pou reskape yo Anayiti ou kapab kontakte yo nan 305)751-6289 |
Galri Foto: Jefo Sekou Legliz Notre Dame d'Haiti |