Accessibility links

Breaking News

Kowalisyon Pou TPS Sud Florid Mande Ayisyen Pa Chache Antre Ozetazuni San Viza



Nan Florid - pi presizeman nan pati santral Eta ameriken sa-a -- responsab komunote Ayisyèn nan ap fè efò pou yo motive Ayisyen ki lakay, pou yo rete nan peyi-yo, olye yo panse yo ka pran kanntè pou yo vinn pwofite TPS o Zetazuni.

Pot pawol kowalisyon pou TPS la nan rejyon sud Florid la, Osner Jean-Pierre, raple Ayisyen ke vwayaj an kachèt pap pote okenn rezulta.

"Nou konnen konpatriyot nou yo bagay yo pa fasil pou yo lot bo a, men genyen plizyè lot mwayen ke konpatriyot nou yo kapab oganize yo pou yo rive isit legal," misye deklare.

Osner ajoute travay Kowalisyon pou TPS la ap kontinye pou ede Ayisyen jwenn statu legal Ozetazuni.

XS
SM
MD
LG