Accessibility links

Breaking News

Ayiti Resevwa Kèk Pami Plizyè Milye Tant li Komande nan Men La Chinn


Gouvènman Ayisyen an komanse resevwa plizyè pami dè milye tant li te komande nan men gouvènman Chinwa pou abrite ki pèdi kay yo nan tranbleman de tè 12 Janvye a.

Tant sa yo pral rive jwenn reskape nan Potoprens, Jacmel, Leoganne ak Ti Goave.

Minis de L'Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo Paul-Antoine Bien-Aime fè konnen pwosesus distribusyon pou tant sa yo lanse depi wikèn pase a. Tant sa yo koute gouvènman Ayisyen an $5 milyon.

Minis Bien-Aime ajoute yo deja deplase vè lot abri pwovizwa, reskape ki te enstale yo sou Chan'dmas la - yo espas ki kapab subi inodasyon pandan sezon lapli a.

XS
SM
MD
LG