Gouvènman Ayisyen-an rekonèt difikulte li genyen pou'l jwenn tant sou mache entènasyonal la pou ebèje plis pase yon milyon moun ki rete san kay apre pasaj tranbleman de tè puisan 12 Janvye pase a.
Nan yon premye tan, gouvènman an te panse sèvi ak materyèl lokal pou fabrike abri pwovizwa sa yo . Se konsa yon antreprenè Ayisyen Gary Pierre Charles, pran inisyativ pou'l fabrike yon seri de tant ak PVC.
"Sa ki enterese'm sitou se kreye anplwa pou jèn," Minis Spo Evans Lescouflair di Vwad' Lamerik pandan yon demonstrasyon Madi apremidi. "Pito'w gen sa a aswè a si lapli ap tonbe pase ou pa gen anyen menm."
Minis la patka di konbyen tant sa yo pral koute men li di dapre sa va pran moun yo apepre yon he'd tan edmi konsa pou yo monte yon tant.