Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Tant Ou Prela? Sinistre yo Pa Dako Ditou ak Opinyon Responsab L'ONU Sou Kestyon an


Ann Ayiti, plizyè milye moun ki pa gen kay pou yo rete apre tranbleman de tè ki kraze kapital-la ak kèk lòt vil, toujou pa genyen yon tant yap tann depi lontan déjà; olye de tant, se moso plastik yo jwenn pou yo antoure kwen-tè kote yap viv jounen jodiya. Vrèman vre, viktim gwo soukous sa-a te lanse apèl bay otorite Ayisyen-yo ak ajans èd entènasyonal-yo, pou mande yo ede yo jwenn tant kòm yon solusyon de rechanj pwovizwa pou kay yo pèdi nan tranblemandetè-a; men se yon demand ki poko ka reyalize juskaprezan. dra an plastik ki sèvi pou antoure oubyen kouvri pòsyon tè kote moun yo rete-a, pa kapab pare lapli, jan yo te gen okazyon reyalize sa Jedi pase-a, lè yon lapli kontretan te tonbe sou kapital-la e sou zòn ki antroure l yo. Marie-Mona Destiron, se yon viktim soukous-la e manmzèl se manman 6 pitit.

"Kisa komunote entènasyonal-la pral fè pou akselere demach ki nesesè pou viktim tranblemandetè-a jwenn finalman tant yap tann pou ranplase plastik ki pa ka pare lapli-a?" li mande.

John Holmes, sou-sekretè-jeneral Nasyon Zuni e kowòdonatè Ajans Sekou Dujans l’ONU-an. Fè deklarasyon sou kesyon-an ki pa ankourajan dutou pou moun kap tann tant-yo.

“Konsèy klè espesyalis-yo bay, sè ke wi, tant-yo nesesè kèk kote; men sa ki merite priyorite-a, se prela, bwa, ak kòd, ke moun yo kapab utilize pou yo fabrike enstalasyon ki pi flexib e pi gwo, espesyalman si yap mete enstalasyon sa-yo nan anplasman kay-yo ki kraze… paske la, ou kapab fè avèk prela bagay ou pa ka fè avèk tant," Misye eksplike.

Men, lè nou pale ak viktim ki pran refuj nan kan ebèjeman-yo pou mande yo ki tip de enstalasyon pwovizwa yo prefere, majorite-a reponn pou di yo ta pi renmen gen tant olye de prela. Rezon-an, se pa sèlman paske tant-la tou pare pou enstale, alòske moun-yo pral oblije travay ak prela, kod e bwa pou yo fabrike yon enstalasyon; men, gen avantaj tant-la ofri, yo pap jwenn ak prela-a.

John Holmes, - sou-sekretè-jeneral Nasyon Zuni e kowòdonatè Ajans Sekou Dujans l’ONU-an ki te abòde dosye-a Vandredi -- ensiste pou'l di li pi bon pou òganizasyon kap bay asistans-yo fikse atansyon-yo sou prela e pa sou tant. O kòmansman, ajans sekou entènasyonal-yo te lanse apèl toupatou a travè lemond pou yo mande tant pou viktim-yo. Se sèlman 49,000 tant ki te déjà rive nan peyi-a, lè gouvènman Preval-Bellerive-la te vin anonse, Mèkredi pase-a, li prefere resevwa dra an plastik pou'l ofri moun ki deplase e ki pa gen kay pou yo rete depi tranbleman de tè-a te frappe peyi-a nan dat 12 Janvye pase-a.

XS
SM
MD
LG