Accessibility links

Breaking News

Reskape Yolaine Rameau We Che D'Ev li Preske Kraze an Miyet Mosso Jou Tranbleman'd Te a


Yolaine Rameau se pwopriyete e ansyen direktris jaden d'anfan konu "Jardin Fleury de Yolaine" Anayiti. Lekol sa a pou timoun piti te gen apepre 200 elev enskri ladann anvan katastwof la. Le li te pran retret li, epi pase konn nan bay pitit fi li, Patricia Rameau Lamotte, Yolaine pat janm imajinen ke apre 42 zan d'egzistans, lekol sa a (ke'l te travay du pou mete sou pye) tap kraze net, akoz yon tranbleman de te.

Erezman okenn manm fanmi ni pat ni blese, ni mouri nan katastwof la, men lekol la ak kay li telman andomaje li oblije viv deyo nan lakou lekol la. Madan Rameau fe konnen anvan li te vwayaje Ozetazuni, li te pase 3 semenn ap viv nan kondisyon difisil, kote li pataje ti plat manje ak vwazen.

Li sonje kijan moun te pran kouri epi lapriye fo le bwi te kouri pou di kom kwa yon tsunami tapral frape Ayiti. Pi ta yo te vinn konnen ke sete yon fo bwi men anvan sa, li te fe plan ak fanmi ni sou kisa yo tapral fe nan ka kote yo ta separe oubyen neye nan gwo vag dlo a.

Kounyela a, Madan Rameau ap pase kek jou ak pitit fi li, Patricia epi pitit pitit li - men anvan lontan li anvizaje retounen Anayiti. Li di nou li pral tounen ak bwat manje, tuna, somon, epi lumye soler ak lot bagay anko ki ka util li ann atandan li ka determine ki kote'l gad.

Kek jou anvan retou li, Madan Rameau ap mande kisa k'ap tann ni le li tounen e eske gouvenmen Ayisyen an pral pran mezu pou ede sinistre yo ki pedi biznis yo oubyen ki telman gen domaj yo pral oblije rekonstwi konpletman. Li di enpo ki te supoze peye pandan mwad Janvye a ta fet pou anile paske anpil moun oblije sevi ak lajan ekonomi sa a pou viv e pou manje apre katastwof la. Li panse tou, gouvenman an ta fet pou'l rankontre pwofese lekol yo ak lot pwofesyonel pou diskite sou kijan yo ka fe fas ak gwo chok timoun yo fek sot pran an epi fe chanjman nan ane skole a ki ta pran an konsiderasyon domaj psikolojik tranbleman an fe lakay timoun yo.

Le li reflechi sou avni ni, Madan Rameau pa mete dlo nan bouch li pou'l di li gen pou'l tounen. Se ak anpil emosyon nan vwa li, deklare "Se Ayiti mwen abite, il fo ke mwen retounen nan peyi'm."

XS
SM
MD
LG