Premye Minis Kanadyen an Stephen Harper deklare peyi li pral ede tabli yon baz administratif pwovizwa kote gouvènman Ayisyen an va enstale li pou dirije pwojè rekonstruksyon peyi a apre tranbleman'd tè masif mwa pase a.
Premye Minis Harper fè deklarasyon an Lendi apre li te rankontre nan Potoprens ak Prezidan Ayisyen an, René Preval, epi Premeye Minis la, Jean-Max Bellerive. Misye Harper rive Anayiti pi bonè nan jounen an Lendi kote li pral pase 2 jou pou evalye bezwen peyi a.
Prezidan Franse a Nicolas Sarkozy se pwochen chèf deta ki gen pou vwayaje Ayiti. Lap rive nan peyi a Mèkredi pou yon vizit ki se premye vwayaj yon lidè Franse janm fè nan ansyen koloni sa a.
La Frans Deja voye plizyè avyon chaje ak asistans pou Ayiti e li te voye sekouris tou suit apre tranbleman de tè a.
Met sou sa, la Frans se gwoup bayè de fon ki rele "Klub Paris" a ki mande pou padone dèt etranje Ayiti vit e prese.