Accessibility links

Breaking News

Minis Kultu Ayisyen An Ap Rakontre Responsab UNESCO Pou Diskite Sou Prezèvasyon Eritaj Kulturèl Ayiti


Minis kultu Ayisyen-an, Marie-Laurence Jocelyn Lassegue, ap vizite katye jeneral UNESCO-a nan vil Paris nan peyi la Frans pou'l pale ak responsab ajans l’ONU sa-a de mwayen pou prezève eritaj kulturèl peyi D'Ayiti apré tranbleman de tè mwa pase-a. Oganizasyon Nasyon Zuni pou Edukasyon, Lasyans ak la kultu di yè Lendi-a ke Madam Jocelyn Lassegue pral prezide yon rankont preparatwa Madi pou etabli yon komite espesyal sou Kultu Ayisyèn.

Daprè Ajans kulturèl Nasyonzuni-an, rankont sa-a pral reyuni ekspè Ayisyen ak espesyalis entènasyonal ak reprezantan donatè enpotan-yo nan yon travay sou prezèvasyon eritaj kulturèl. Nasyonzuni fè konnen gwoup-la pral evalye dega ki fèt nan kultu Ayiti-a aprè tranbleman de tè 12 Janvye-a. Unesco di li voye don pou prezéve eritaj kulturèl Ayiti-a apre tranbleman de tè-a, e objektif-la se evalye dega ki fèt nan muze-yo, achiv-yo ak bibliyotèk-yo. Unesco di tou, li vle idantifye fason pou prezève atizana-yo pou yo pa piye-yo, vòlè-yo ni tou pou yo pa fè trafik ilegal avè-yo.

XS
SM
MD
LG