Gad kòt Lèzetazuni mennen yon gwoup plus ke 88 imigran illegal Ayisyen (pami yo 22 fanm) tounen nan Nò peyi Dayiti kote yo rive maten-an.
Korespondan nou nan vil Kap-Ayisyen Yvan Martin Jasmin di nou pi fo moun sa yo kite Ayiti an pasan pa Potoprens, 9 Fevriye pase.
Nan deklarasyon yo bay laprès yo fè konnen yo pèdi kay yo nan tranbleman de tè 12 Janvye pase a e se sak te pouse yo riske lavi yo sou lanmè.