Konpayi aeryèn American Airlines fè konnen li pral rekomanse vòl li nan direksyon peyi Dayiti nan fen semen nan.
American Airlines ap tounen premye konpayi avyon komèsyal kap retabli koneksyon li ak Ayiti depi tranblemann' tè 12 janvye pase a. Liy ayeryèn nan fè anons sa a yè madi a kote li di premye vòl li pral kite ayewopò entènasyonal Miami an pou Pòtoprens byen bonè vandredi. Li ajoute li pral ofri sèvis kap soti nan Fort-Lauderdale, nan Eta Florid, ak nan ayewopò John F. Kennedy, nan Nouyòk tou.
Yon lòt kote, American Airlines fè konnen nan dat 12 mas kap vini an, branch American Eagle li a, pral komanse yon nouvo koneksyon Ayiti - Porto Rico - Republik Dominikèn. Tou kontwòl ayewopò Toussaint Louverture la, nan Potoprens, te sibi gwo dega pandan tranblemann'tè a e se lame amerikèn ki tap asire kontwòl trafik aeryen an depi 13 janvye.
Sepandan, responsab ameriken yo di solda yo ap remèt ofiramezi responsabilite kontwòl trafik aeryen an nan men espesyalis ayisyen.