Accessibility links

Breaking News

  Ayiti Ap Obsève Twa Jounen Jènn Ak Lapriyè Pou Viktim Tranblemann'tè a


Nan peyi Dayiti, pèp la ap obsève depi jedi 12 fevriye a 3 jounen jènn ak lapriyè kòm dèy nasyonal, yon mwa jou pou jou aprè tranbleman'n tè ki te kraze kapital la, Pòtoprens, ak kèk vil pwovens. Daprè nouvo chif ofisyèl yo, gwo kokenn soukous la touye plis pase 217,000 moun. Omwen yon milyon lòt pa gen kay pou yo rete. Gen yon operasyon asistans entènasyonal sou pye ann Ayiti--yon peyi ki te déjà ap redi pou l' rekanpe anba dega kat siklòn ki te detwi anviwon 15 pousan resous ekonomik li an 2008, paske sektè agrikòl la te subi anpil dega.

Byen bonè Jedi, gwo lapli te tonbe sou kapital la, yon sitiasyon ki fè moun pè pou inondasyon pa frape kèk rejyon ou pou epidemi maladi pa eklate pami moun ki pèdi kay yo e kap viv an gwoup anba tant oubyen nan lòt abri pwovizwa depi tranblemann'tè 12 Janvye a. Nouvèl ki soti Pòtoprens fè konnen sinistre yo ap viv nan move kondisyon, kote se yon moso dra anpil nan yo genyen pou yo mete sou moso katon pou yo dòmi nan kan refujye ou sant pwovizwa kote yo fè ladesant la. Nasyonzini ak lòt ajans asistans entènasyonal fè konnen lapli ki tonbe madi pase a, se yon siy ki montre kisa k' ka rive lè sezon lapli a va tanmen nan kèk semen ankò.



XS
SM
MD
LG