Accessibility links

Breaking News

Lapli Koze Pwoblem Pou Sinistre Nan Potoprens Kap Viv Nan Tant


Dè santèn milye moun kap viv nan Potoprens ak zon alantou yo ap repare oubyen rekonstwi tant kote yo tap viv apre lapli ki tonbe nan nuit Mekredi swa. Dapre nouvel yo lapli a pa epaye pèsonn.

Popilasyon an ki bati yon seri de tant avèk twal te sètoblije chache lot refuj pandan gen kèk ki te rete mouye anba lapli a.

"Se yon bagay trajik li ye pou nou yè swa," yon sinistre di anvwaye espesyal Lavwad' Lamerik, Jean Robert Philippe. "Se sa nou te toujou di li d'avans, nou bezwen tant, nou pa jwen tant," misye ajoute.

XS
SM
MD
LG