Accessibility links

Breaking News

Yon Juj Tande Depozisyon Paran 33 Timoun Gwoup Misyonè Ameriken te Swadizan Eseye Menen Republik Dominikèn


Yon juj nan Potoprens tande depozisyon manman ak papa 33 timoun ke yon gwoup misyonè Ameriken te swadizan eseye mennen an Republik Dominikèn, nan on tantativ pou kite peyi-a avèk yo, san yo pat gen otorizasyon legal pou sa.

Mèt Aviol Fleurant, avoka kap defann Ameriken sa-yo fè konnen paran timoun-yo pale yè Madi-a pou yo di se ak pwop volonte-yo, san fo`se, yo te remèt pitit-yo bay misyonè-yo. Daprè avoka-a, Ameriken-yo tap aji ak bon kè lè yo te ale ann Ayiti pou yo chache ede timoun-yo.

Misyonè-yo (5 gason ak 5 fi) fè konnen yo ta pral tabli yon ofelina an Republik Dominikèn pou yo mete ti moun-yo. Se aprè otorite Ayisyen-yo te arete misyonè-yo, yo te reyalize ke papa ak manman timoun tap viv toujou; donk yo pa ofelen vre.

XS
SM
MD
LG