Accessibility links

Breaking News

Misyonè Yo Akize Dèske Yo Tap Eseye Kidnape Kèk Timoun Ayisyen Pase Yon Lot Nuit Nan Prizon


10 misyonè Ameriken ki tonbe anba akizasyon dèske yo tap eseye kidnape yon gwoup timoun an’Ayiti-a, pase yon lot nwit nan prizon apré yon pwoblèm blakawout te oblije otorite lajustis-yo ranvwaye yon desizyon yo gen pou pran pou konnen si yap lage moun sa-yo.

Komisè gouvènman ki nan tèt ankèt kap fèt sou afè sa-a, Mèt Joseph Manès Louis, deklare li déjà prepare opinyon ni sou dosye-a, men pwoblèm elektrisite anpeche'l enprime dokuman-an pou juj kap prezide pwosè-a.

Sous ki pwoch afè-a fè konnen yo pa atann-yo aske yon desizyon soti pazavan Mèkredi, paske Madi se yon fèt nasyonal ann’Ayiti.

Kèlkeswa opinyon komisè Manès Louis bay sou dosye-a, se juj-la ki gen dènye mo-a sou kesyon-an.

XS
SM
MD
LG