Accessibility links

Breaking News

Republik Dominikèn Arete Nèg Ki Te Ofri Sèvis Legal Gratis pou Ameriken yo Akize de Kidnape Timoun Ayisyen


Otorite nan Republik Dominiken-yo fè konnen yon nònm ki di li se yon avoka e ki ofri sèvis legal gratis pou 10 Ameriken yo te arete an’Ayiti sou akizasyon kidnapping, pa gen yon lisans pou-l pratike dwa.

La polis Dominiken di Jorge Puello pa gen yon dosye kriminèl nan peyi-a, men kounye-a, yap mennen ankèt sou li.

Daprè yon atik jounal New York Times publiye semen pase-a, Puello se yon sispèk nan yon rezo trafik sèks nan Salvadò e ni otorite Etazuni, ni otorite Salvadò-yo ap chache msye kom yon fujitif. Jounal la fè konnen Entèpol mete yon manda darè dèyè Jorge Puello.

Lapolis nan Salvadò di yo vle kestyone Jorge Puello pou detèmine si vreman vre li se Jorge Anibal Torres Puello - sispèk yap chache an koneskyon ak rezo trafik sèks la.

Puello di se pa limenm otorite yo ap chache. Li fè konnen li se prezidan yon kominote Juif Espayol nan Republik Dominikèn. Jounal New York Times di, dosye publik endike an 2007, oganizasyon sa a te gen kom mèt: Jorge Anibal Torres Puello.

XS
SM
MD
LG