Nan yon entèviyou chèf polis Nasyonal Ayiti-a, Mario Andresol, bay anvwaye spesyal Sèvis Kreyol Lavwadlamerik-la Jean Robert Philippe, nan Potoprens, li di polisye yo pap bay le gen malgre difikulte ki poze pou yo apre tranbleman'd tè a. "Nap asure omwen yon nivo minimom sekirite," chef polis la deklare.
Misye Andresol fè konnen gen yon afè 70 polisye ki mouri nan katastwof 12 Janvye a.
Nan nivo medikal, chèf polis la di gen divès ekspè tankou doktè ak psikolog kap bay polisye ki suviv yo asistans ak konsèy.
Met sou sa, gen plizyè komisarya nan depatman ouès la ki subi gwo domaj e kap bezwen rekonstwi.
Anski konsène Penitansye Nasyonal la Misye Andresol di yo gen entansyon relouvri'l semèn pwochèn.
"Nap fè fas ak kondisyon nou pat janm wè anvan," chef polis la deklare.