Accessibility links

Breaking News

UNICEF Ap Travay Pou Defann Entere Timoun Anayiti


Nan moman gouvenmen Ayisyen an ap esye jwenn mwayen pou ede plizye santen timoun kap viv nan kan refuje e ki pedi paran yo anvan oubyen pandan tranbleman'd te a, UNICEF anonse yon seri pwogram pou soulaje soufrans la jenes la.

Nan yon entevyou ak anvwaye espesyal nou nan Potoprens, Jean-Robert Philippe, responsab Fon Nasyonzuni Pou Timoun, Paul Boyer bay presizyon sou pwogram ki deja ap fonksyone.

Dapre Misye Boyer, pwogram vaksinasyon UNICEF la vize yon afe de 5,000 timoun kote yo jwenn pwoteksyon kont maladi tankou pa egzanp: lawoujol, kokluch ak tetanos.

UNICEF ap travay tou, ak responsab ministe edukasyon Ayisyen yo pou fe timoun yo retounen nan sal de klas yo. Misye Boyer fe konnen UNICEF mete sou pye yon kanpay kominikasyon pou fe timoun sayo retounen lekol.

Pou timoun ki twomatize psikolojikman apre katastwof la, UNICEF mete sou pye kek sant yo rele "Child Safe Space" kote jen jan yo va resevwa konsey psiko-sosyal.

Dapre Misye Boyer, malgre pwogram sa yo vize pou kounyea timoun nan Potoprens, UNICEF gen entansyon anplwaye pwogram entegre nan lot vil Ayisyen ki te afekte pa tranbleman'd te a.

XS
SM
MD
LG