Accessibility links

Breaking News

Preval Rive Ekwate Pou Yon Somè Spesyal Nasyon Sid-Ameriken Yo Oganize


Somè spesyal Nasyon Sid Amerikèn yo sou Ayiti (UNASUR) louvri jodi Madi a nan vil Quito, peyi Ekwatè. Prezidan Ayisyen an, René Preval, ki kite Pòtoprens Lendi swa ap patisipe nan rankont sa a.


Se prezidan Ekwatè a, Raphael Correa ki pran inisyativ sa a kote plizyè chef deta rejyon an tankou Evo Morales (Bolivi), Fernando Lugo (Paragwe), Alan Garcìa (Perou), Alvaro Uribe (Kolombi) ak Hugo Chavez (Venezuela) pral reflechi sou fason yo pral oryante e ko-òdone asistans yo pral bay Ayiti apre tranbleman de tè a.


XS
SM
MD
LG