Accessibility links

Breaking News

CARICOM Anonse Yon Nouvo Taktik Nan Asistans L’ap Bay Ayiti


Direktè egzekitif Ajans kontwol ka durjans nan Karayib-la, Jeremy Collymore, di aprè 5 Mas ane 2010 atansyon Caricom nan peyi D'Ayiti pral sòti nan efò sekou pou'l pase nan entèvansyon ak kontribusyon a lon tèm.

Msye Collymore te fè anons sa-a Dimanch yon ti tan aprè yon misyon Caricom te retounen sot Ayiti kote manm delegasyon-an te rankontre avek Prezidan Rene Preval, premye minis-la ak minis sante publik-la. Sekretè Jeneral Caricom-nan, Dr. Edwin Carrington, ki te fè pati misyon Ayiti-a te ensiste-pou-l di ke dat 5 Mas-la pa vle di yon retrè komunote-a nan peyi sa-a. Li esplike se yon chanjman nan kalite aktivite Caricom pral mennen-yo.

Pandan msye Collymore tap fe komantè sou asistans Caricom bay Ayiti jiskaprezan, li fè konnen gen plis ke 3,000 moun ki resevwa premye tretman nan men doktè avek plizyè suivi, yo fè plis ke 200 gwo operasyon, yo mennen 15 misyon sekou ak rechèch e yo brote 95 tonn manje nan mamit, 41 tonn dlo ak 4 tonn pwovizyon medikal. An plis de sa, direktè egzekitif-la di gen apeprè 40 kontenè pwovizyon manje ke yo kolekte nan tout komunote-a gras ak kowodinasyon sosiete sivil ak nasyonal-la pou yo voye Ayiti.

Msye Collymore di zon akomodasyon-yo se yon kesyon serye, li ajoute yo komanse organize tant pou bay 5000 moun abri tanporè. Tant sa-yo ap rive an’Ayiti disi semen pwochèn. Msye Collymore fè konpliman pou wol Jamayik jwe kom sant kowodinasyon Caricom nan kad supò pou Ayiti. Li di komunote rejyonal-la santre atansyon-l seryezman sou Ayiti e lap bay peyi-a bon jan soutyen nan domèn swen medical, sekou ak rechèch, distribusyon asistans, sekirite ak apwi teknik.


Gen plizyè lot manm ki te fè pati misyon Caricom-nan, pami-yo Anvwaye espeyal pou sekou nan ka dezas Ayiti-a: ansyen Premye Minis Jamayiken P.J. Patterson; Prezidan Caricom e Premye Minis la Dominik Roosevelt Skerrit, ak Asistan-Sekrete Jeneral Caricom-nan Anbasadè Colin Grandison.

XS
SM
MD
LG