Accessibility links

Breaking News

Amerik di Sid Pwopoze Yon Fon 300 Milyon Dola Pou Ayiti


Lidè peyi Sud-Ameriken, kap patisipe nan yon somè nan vil Quito, an Ekwatè, dakò sou lide pou kreye yon fon $300 milyon pou ede Ayiti reprann li anba tranbleman de tè ki sot devaste’l mwa pase-a. Manm Union Nasyon Sud-Amerikèn yo, UNASUR, parèt ak nosyon sa-a Madi, nan moman yo rasanble nan Kapital Ekwatoryèn-nan pou ko-òdone reyaksyon yo sou dezass nasyon Karibeyen-an sot subi nan dat 12 Janvye pase-a.

Responsab Sud-Ameriken yo fè konnen plan sa-a vize mande bank entè-Ameriken pou devlopman-an, BID, yon prè $200 milyon, e chak gouvènman nan peyi amerik du sud yo pral degaje yo kou mèt janjak pou parèt ak rès $100 milyon ki manke-a. Prezidan Rene Preval, ki te reprezante Ayiti nan rankont Quito a, retounen Potoprens.

Korespondan nou Clarens Renois gen yon repòtaj sou pwen sa a ak lòt ankò. Klike sou ralonj ki anwo, adwat paj la pou w’koute li.

XS
SM
MD
LG