Accessibility links

Breaking News

Depatman Deta Ameriken Pase Lod pou Anplwaye ki Pa Esansyel Yo Kite Ayiti


Depatman Deta avèti sitwayen Ameriken-yo sou sityasyon-an nan peyi D'Ayiti, apre yon kokenn tranbleman'd tè ki mezire 7.0, ki te frape Ayiti toupre Potoprens, 12 Janvye pase-a. Depatman Deta bay lòd pou tout anplwaye gouvènman ameriken ki pa la-a pou sityasyon dujans, pati kite Ayiti.

Etazini bay gwo avetisman pou sitwayen-li-yo evite vwayaje Ayiti. "Soukous 12 Janvye-a lakoz gwo dega nan enfrastruktu ki pi enpòtan-yo, e li difisil anpil pou moun jwenn prensipal sèvis-yo. Gen posiblite pou tè-a sibi kèk ti soukous toujou. Tout fòm kominikasyon-yo limite. Peyi-a ap fe fas ak yon gwo mank manje, dlo, transpò, ak bon jan kay. Tout liy avyon komèsyal-yo sispann sèvis-yo san konnen jis pou ki lè," kominike Depatman Deta deklare.

"Enstalasyon medikal-yo ap travay depase kapasite-yo, e move kondisyon sanitè poze gwo menas pou santé. Malgre bon entansyon, vwayajè k-ap antre nan peyi-a ka ogmante chaj sou do yon system ki déjà ap goumen pou-l sipòte moun ki nan bezwen sou teren-an. Anplis, anbasad-la gen pwoblèm pou-l reponn tout demann sevis konsilè dujans-yo. Sit Entènèt sa-a gen enfòmasyon sou meyè fason nou ka ede nan efò sekou-yo apre tranblemann-te-a. Adrès-li se: http://www.whitehouse.gov/blog/2010/01/15/help-haiti.

Anbasad amerikèn nan Pòtoprens rasanble yon ekip travay nan anbasad-la-menm k'ap resevwa apèl toutotan kondisyon-yo pèmèt yo fe sa. Anbasad-la ap chache mwayen idantifye sitwayen Ameriken ki ann Ayiti e ki bezwen asistans ann ujans, e l-ap chache konnen tout kote sous asistans-yo ye."

Depatman Deta ekzòte sitwayen Ameriken-yo pou yo kontakte anbasad-la nan email adrès sa-a pou yo mande asistans: ACSPaP@state.gov. Sitwayen Ameriken ann Ayiti ka rele-tou Ekip Travay Konsilè nan Anbasad-la nan nimewo telefòn sa-yo: 509-2229-8942, oubyen 509-2229-8322, oubyen 509-2229-8672. Depatman Deta nan Washington, DC, kreye-tou yon gwoup travay ki la pou suiv sityasyon ujans-la. Moun ozetazini e nan Kanada ki gen enfòmasyon oubyen ki bezwen gen nouvèl sitwayen Ameriken-yo ann Ayiti ka kontakte Gwoup Travay Ayiti-a nan 888-407-4747. Si-w pa ni Ozetazini ni nan Kanada, rele 202-501-4444. Pou plis enfòmasyon, e pou konnen dènye nouvel ki ka vini, al sou sit entènèt Afè Konsulè Depatman Deta-a.

XS
SM
MD
LG