Accessibility links

Breaking News

Sekouris Jwen Yon Nèg Tou Vivan


Nan peyi D'Ayiti, Otorite-yo fè konnen yo rive wete anba debri yon nèg tou vivan yè Lendi 8 Fevriye-a, swa preske 29 jou aprè tranbleman de tè 12 Janvye pase-a. Daprè otorite-yo, nèg-la pèdu anpil dlo nan kò-l, aprè li fin pase tout tan sa-a anba debri yon supermaché; yo te rive jwenn li pandan moun nan katye-a tap fouye anba debri yo. Manm fanmi misye fè konnen li te rete bloke anba tè-a pandan preske 4 semèn. Doktè kap travay nan yon lopital nan Pòtoprens – kote yo kouri avèk viktim-nan - pale pou di yo pa an mezu pou yo konfime deklarasyon fanmi-an; men pou jan yo wè eta nèg sa-a, yo panse moun-yo di laverite.

Pandansetan, lot nouvèl ki gen rapò ak sitiyasoyn-an ann Ayiti: Jodi Madi 9 Fevriye-a, nan vil Seoul, kapital Kore du Sud, tout manm palman-an san wete youn, vote yon pwopozisyon pou peyi-a voye 240 manm lame-a ann Ayiti, pou yo pote konkou-yo nan efò̈ kap fèt pou rekonstrui peyi-a. Yon premye ekip solda Sud-Koreyen gen pou kite Seoul demen Mèkredi-a pou y’al pran pozisyon nan vil Leyogàn, a lwès Potoprens, kote tranblemandetè-a koze anpil viktim e li fè anpil dega. Tout rès kontenjan sòlda Sid-Koreyen-an pral pran avyon pou Pòtoprens nan dat 27 Fevriye pwochen, pou yon misyon kap pran fen jous nan fen ane 2010-la.

XS
SM
MD
LG