Accessibility links

Breaking News

Jamayik Ka Oblije Wetire Ekip Sante Publik, Milite li Genyen Anayiti


Gouvenman Jamayiken-an ka oblije wetire ekip sante publik ak pèsonèl militè li genyen sou teren-an an’Ayiti nan moman Kingston ap redi pou l kontinye operasyon lap mennen chak jou nan peyi vwazen-an; operasyon ki preske koute $8,000 Ameriken pa jou. Se La Jamayik kap dirije assistans blòk komèsyal rejyonal-la, CARICOM, ap bay Ayiti aprè katastrof 12 Janvye pase-a.

La Jamayik voye sapè ponpye, pèsonèl lasante ak sòlda nan peyi d’Ayiti aprè dezas 12 janvye pase-a. Kèk lòt peyi manm Caricom pwomèt asistans pa-yo sou fòm pèsonèl umen yo voye al patisipe nan efò sekou-yo. Minis Sekirite Nasyonal Jamayik-la, Dwight Nelson, di "Jiskaprezan, rejyon karayib-la debouse plis ke $422,000 pou asiste viktim-yo e lajan sa-a ka monte rive plis ke $555,000 Ameriken anvan fen semèn sa a. Daprè minis Nelson, La Jamayik ka oblije wete fos durjans li genyen an’Ayiti-a - ki sanse reprezante pi gwo prezans Caricom nan peyi sa-a - si lòt eta manm-yo pa bay patisipasyon pa-yo. Li ajoute, gouvenman-an ap tann kèk promèss asistans nan men patnè Caricom ni-yo, tou patikilyèman Trinidad-Tobago avèk La Barbad.

Minis Sekirite Nasyonal Jamayik-la ajoute Kingston te jwenn pwomès Ajans kontwol dujans dezas Karayib-la ke eta manm-yo ta pral ba li kèk fon d'avans nan kad yon asistans rejyonal pou Ayiti. Direktè egzekitif ajans-la, Jeremi Collymore, te fè gouvenman Jamayiken-an konnen li kapab avanse-l $10 milyon, menm avan enstitusyon nasyonal ou rejyonal konsène-yo ta soumèt papye ofisyèl ki nesesè pou sa. Vandredi pase-a, biwo ki reprezante tout chèf gouvenman peyi-manm Caricom-nan te deklare li ka garanti ke operasyon durjans Jamayik ki sou pye an’Ayiti depi nan dat 13 Janvye pase-a, pral jwenn supò ki nesesè pou yo kontinye. La Barbad presize, li ka voye 80 solda al kore travay 100 solda jamayiken ki sou tèritwa ayisyen-an kounye-a. Aprè gwo tranbleman de tè ki devaste capital Ayiti-a, Potoprens, e kek vil pwovens, Trinidad-Tobago ak Guiyana anonse yon asistans $1 milyon pou asistans dujans nan Potoprens tandiske Sent Lucie di li pral pase pa Caricom pou voye èd pa-l bay peyi D'Ayiti.

XS
SM
MD
LG