Accessibility links

Breaking News

Kanada Pwopoze Pou G7 la Anile Dèt Ayiti


Gwoup 7 nasyon pi rich nan lemond yo pran angajman pou anile dèt ayiti gen pou yo apre tranbleman'tè ki devaste nasyon karibeyen an nan mwa janvye pase a.

Minis finans kanadyen an, James Flaherty, anonse nan Iqalit, nan nò Canada, gwoup 7 peyi yo genyen plan pou yo anile dèt bilateral Ayiti genyen pou yo. Misye Flaherty di li ankouraje donatè entènasyonal yo fè menmman-parèyman.

Sèten peyi ak prensipal donatè entènasyonal deja anile yon pati nan 1 milya 200 milyon dola Ayiti dwe yo. Minis finans Flaherty, ki tap pale nan fen yon reyinyon minis finans gwoup la, nan Kanada di "nou pran angajman nan G7 la pou'n efase dèt la; anfèt, 7 peyi gwoup la elimine tout dèt bilateral Ayiti genyen vizavi yo".

Omwen 1 milyon kretyen-vivan sinistre nan tranblemann'tè 7 degre sou nechèl Richter ki devaste kapital ayisyen an, Pòtoprens, ak 3 lòt vil pwovens e pran lavi plis pase 200 mil lòt.

Depi katastwòf 12 janvye a, G7 la: Kanada, Etazini, Grann Bretay, Frans, Almay, Itali ak Japon, anba presyon pou yo ede Ayiti rekanpe avèk anilasyon dèt la.

Malgre li difisil pou konnen konbyen kòb Ayiti dwe peyi sa yo, men kòb Ayiti dwe peyi sa yo pa ta dwe yon gwo mago lajan. Venezuela ak Taiwan se 2 lòt peyi ki prete Ayiti lajan sou baz bilateral.

Premye minis britanik la, Gordon Brown, bat bravo pou angajman G7 la e li deklare: "se byen pou yon nasyon ki antere anba debri pa fèt pou'l antere non plis anba dèt". Misye Brown ajoute " enstitisyon miltilateral yo dwe anile tou dèt Ayiti genyen pou yo, e nou pral travay ak yo e ak lòt patnè yo pou yo fè sa le pi vit posib".

Chèf gouvènman britanik la di "Grann Bretay e mwen akeyi ak tout fòs angajman G 7 la pou'l efase rès dèt bilateral Ayiti yo. E li ajoute "Nou pral' travay ak lòt (donatè yo) pou'n asire ke yo aplike angajman sa a".

Vandredi, Lèzetazini te fè konnen li apiye desizyon pou soulaje dèt entènasyonal Ayiti.

Minis finans Etazini an, Timothy Geithner, (Ozetazini yo rele li sekretè Trezò a) di "tranblemann'tè Ayiti a se yon "pa ann aryè katastwofik pou pèp ayisyen an kap fè fas kounye a ak gwo bezwen imanitè ijan e ak nesesite pou li rekonstwi peyi li. Satisfè obligasyon finansye Ayiti jounen jodi a pral egzije yon gwo efò miltilateral'.

Misye Geithner reyitere apèl Direktè Fon Monetè Entènasyonal la (FMI) Dominique Strauss-Khan pou elimine tout dèt Ayiti genyen pou enstitisyon lap dirije a--pami yo, 102 milyon dola èd dijans Fon an te apwouve nan mwa janvye pase a.

Geithner di Lèzetazini pral chèche yon antant ak donatè miltinasyonal yo--pami yo: Bank Entè Amerikèn Devlopman, Fond Agrikilti Pou Devlopman an ak Asosyasyon Entènasyonal Devlopman.

Nan mwa jen ane pase Kominote Entènasyonal la te aksepte anile 1 milya 200 milyon dola sou 1 milya 900 milyon Ayiti dwe donatè bilateral ak enstitisyon miltilateral tankou: Fon Monetè Entènasyonal, Bank Mondyal ak gouvènman ameriken an, nan kad yon plan pou elimine dèt nasyon pi pòv kap kofre anba dèt yo.

XS
SM
MD
LG