Accessibility links

Breaking News

Lara Elie Joseph Te Kwè Lafen Dimond Rive Jou Tranbleman'n Tè a


Rezidan Pétion-Ville Lara Elie Joseph di li te reyuni lakay yon gwoup zanmi le tranbleman'd te a te frape 12 Janvye pase a. Lara di nou le kay la pran tranble, tout moun te komanse lapriye e li te kwe le mond tap pran fen.

Apre yon peryod tan, mamzel te pran wout lakay li men avek ke sote paske li pat rive jwenn kominikasyon ak youn nan pitit li yo.

Madan Joseph fe konnen jou apre sekous la, li te deside kite Ayiti pou al Ozetazuni, men sa te pran yon semen anvan li te resi kite peyi a, an pasan pa Sen Domeng.

Malgre desizyon pou kite peyi natif natal li te fasil - li te gen ke sote sitou pou sekirite timoun ni yo - yon lot kote, li te gen remo pou'l kite se li, biznis li ak fanmi li. Lara mande tet li eske li pa yon lach?

Kounye a, madan Lara Elie Joseph ak timoun ni yo ap viv kay yon kouzen nan Boca Raton, tou pre Miami. Men, li di chak jou le li leve, li toujou panse a fanmi li kite deye, ak peyi li renmen anpil la.

XS
SM
MD
LG