Ayisyen ki tap viv Ozetazini anvan tranbleman de tè 12 janvye kapab gen posibilite pou yo "aplike" pou Temporary Protected Status, sa vle di "Stati Pwoteksyon Tanporè" ou TPS. Pwogram sa a se sèlman pou ayisyen san papye legal kap viv Ozetazini.
Li pèmèt imigran san dokiman yo rete nan peyi a, men yo dwe bay prèv ki montre e pwouve yo te sou tèritwa ameriken an anvan dat 12 janvye 2010 la. Pami benefis stati sa a ofri, gen pèmi travay, pou yo ale lekòl e renouvle lisans yo pou ka pran kondi machinn.
Sepandan, moun ki ta komèt krim e k' ap fè fas ak depòtasyon pa ka benefisye pwogram sa a. Gouvènman ameriken bay ayisyen ki ta vle "aplike" pou stati pwoteksyon tanporè a, TPS, gen 6 mwa pou yo fè sa.
Direktris oganizasyon Fanm Ayisyèn nan Miami, Marelène Bastien, konseye moun ki ta renmen benefisye TPS la chèche yon biwo ki gen bon renomei e byen enfòme pou ede yo ranpli fòmilè aplikasyon yo. Li di tou, fòk yo mache ak dokiman nesesè yo, paske si otorite ameriken yo rejte aplikasyon an yo pap gen posibilite pou yo re-aplike.
Madan Bastien di Lavwad'lamerik gen lòt demach lidè kominote ayisyen an Ozetazuni ap fè pou ede plis konpatriyòt jwenn rezidans. Lap bay plis presizyon sou kesyon an nan yon entèvyou ak Sandra Dominique.