Premye minis ayisyen-an, Jean-Max Bellerive di plis ke 200,000 moun mouri nan gwo tranbleman de tè ki frape Ayiti nan dat 12 Janvye pase-a.
Misye Bellerive publiye Mèkredi, kèk chif ki montre gen 300,000 moun ki subi move konsekans tranbleman de tè a (sètadi, ki afekte yon fason oubyen yon lòt).
Gwo kokenn soukous sa a (ki te mezure 7.0 pwen sou echèl Riktè-a) kite debri nan kapital peyi a, Potopren, ak zòn ki nan alantou li yo. Otorite-yo di apeprè yon milyon moun pa gen kay pou yo rete.