Accessibility links

Breaking News

Reskape Paris Brouard Toujou Gen Lanmou pou Ayiti Men Li Kontan Tounen Viv Miami


Paris Brouard se yon tinedje ki te tonbe d'amou pou peyi D'Ayiti pandan yon sejou. Papa li se moun Sen Mak e le pitit fi li te di'l li vle kite Lezetazuni pou'l al viv Ayiti, misye te enskri mamzel nan yon pansyon nan Kanape Ver.

Le ou obseve jen demwazel sa a lakay li nan Miami, ap tcheke zanmi li sou sit entenet "Facebook" oubyen ap voye teks mesaj bay kanmarad li yo, li difisil pou kwe sa gen kek semen selman, li te fe fas ak youn nan moman pi difisil nan lavi li. Paris rakonte nou sak te pase'l apremidi 12 Janvye 2010 la, e kijan li te jwenn mwayen tounen Ozetazuni.

XS
SM
MD
LG