Accessibility links

Breaking News

Reskape Sasha Askari Ta Renmen Tounen Ayiti Yon Jou, Men Pa Kounyea



Sasha Askari gen 15 zan, e li tap etudye pou yon egzamen lakay li, Petion Ville, nan moman tranbleman'd tè a te frape. Li kouri soti nan kay la le soukous la frape men se sèlman lè li te soti deyo ke'l te reyalize sak te pase. Panik ak la perèz te pran'l lè li pat jwenn mwayen pou'l pran kontak ak manman ni, ki pat nan kay la nan moman sa a.

Sasha di yon mononk li te monte Petion Ville a pye pou wè kijan li ye epi li te rakonte'l kalite devastasyon li te konstate sou wout la.

Se chans ki fè malgre pat gen kouran ni dlo apre tranbleman'd tè a fanmi Sasha te jwenn manje ak dlo. Granmè li te fèk sot fè pwovizyon anvan katastwof la rive.

Pou rive Ozetazuni, li te vwayaje ak papa li nan oto pou al nan frontyè Sen Domeng et de la yo te pran yon bus pou al nan kapital la.

Kounyea, Sasha ap viv Ozetazuni, ke li di te toujou rèv li. Sepandan li di li ta renmen retounen Ayiti apre yon tan.

XS
SM
MD
LG