Accessibility links

Breaking News

Mezon Blanch, Depatman Defans ap Diskite sou Wol milite Ameriken yo Ta Dwe Jwe Anayiti


Pòt-pawòl Pentagòn nan, Geoff Morrell, deklare lame Amerikèn gen 15,000 sòlda sou bato e sou teren-an ann Ayiti, e pral gen plis toujou kap pran direksyon nasyon karayibeyèn-nan, anvan lontan. Nan yon rankont ak jounalis mèkredi 27 Janvye-a, Msye Morrell di gen diskisyon kap fèt kounye-a ant Depatman Defans-la ak Lamezon Blanch, sou wòl militè Ameriken-yo pral jwe ann Ayiti nan lavni.

Misye Morell di sa yap diskute andedan Pentagòn-nan e nan tout gouvènman Ameriken-an se presizeman ki sans deplwaman sa-a, ki efektif ki pral ann Ayiti, pou fè kisa, e pandan konbyen tan, epi konbyn lajan sa pral koute.

Bò kote pa-l, Kolonel Rick Kaiser di gen 130 kamyon kap distribye dlo nan kapital Ayisyèn-nan. Nan yon tele-konferans ak manm laprès, Kolonèl Kaiser fè konnen pa manke dlo pwòp pou moun bwè nan Pòtoprens.

“Mwen ka di nou, apre vire-won m’fè nan vil-la, m’pa wè pwoblèm dlo-a ditoum e mwen remake anpil kote tuyo dlo ap opere. Franchman, pa gen anpil moun sou ran ap tann, e se yon bon siy. Si pa gen liy byen long, kapab pa manke dlo, sitou si gen anpil moun ki nan zòn-nan," kolonel la fe konnen.

XS
SM
MD
LG