Accessibility links

Breaking News

Pou Suvivan Tranbleman'd Te Ayisyen Ketnie Potus, Lavi Ozetazuni Pa Fasil


Ketnie Potus tap pataje yon pla poul ak duri ak pwa avek pitit li Kerie Virbinie, ki gen 2 zan edmi, epi travaye volonte oganizasyon Youth Co-Op nan Miami, Daisy le nou te rankontre'l. Rad li, sapat li e menm apatman kote lap viv la se kado yon oganizasyon charite Ameriken.

Ketni fe konnen li tap fe yon reparasyon nan yon obomobil li le gwo sekous la te frape e li te konprann li tapral mouri. Ketnie Potus di li te menm lapriye Gran Met la pou mande'l padone'l pou tout peche li yo telman li te kwe le mond tap pran fen. Men gras ak fos kouraj epi chans, mamzel te rive chape sen e sof epi jwenn chemen lakay li pou'l al rekupere pitit fi li Kerie Virginie, ki te lakay li ak yon sevant nan moman sekous la te frape.

Apare anpil efo epi nuit blanch, Ketnie, ak Kerie Virginie - ki fet Ozetazuni - te resi monte nan yon avyon milite Ameriken ki te transpote yo Miami, 16 Janvye pase a. Travaye volonte Youth Co-Op yo pran'l anba zel yo e yo ede'l jwenn kote pou'l viv, manje, epi lajan. Malgre Ketnie rekonesant pou jantiyes sa a li di li pa gen abitud resevwa charite nan men pesonn e li ta renmen gen posibilite pou'l travay Ozetazuni. Men pwoblem ki poze pou li se ke puiske li rive nan peyi a apre 12 Janvye li pa elijib pou TPS setadi statu pwoje pwovizwa. Etazuni dispote statu sa a pou Ayisyen ki te nan peyi a jou tranbleman'd te a e ki paka tounen lakay yo.

Ketnie fe konnen kay li finn kraze net e li paka jwenn mari li -- misye disparet pandan tranbleman an. Pandansetan, Kerie Virginie limenm ap soufri, li tromatize apre gwo ke sote li te pran pandan sekous la . Manman ni, Ketnie sonje li te monte nan asanse ak ti pitit la epi Kerie te kenbe men'l fo anpil e li te pran tranble telman li te pe pou se pa yon lot tranbleman de te kap frape.

XS
SM
MD
LG