Accessibility links

Breaking News

Pwogram Lib Tribin Lavwadlamerik: Reskape Tranbleman Detè a Ap Rakonte Istwa Yo


Te gen avètisman ekspè, kit se jewològ, kit se volkanològ, kit se anviwonnmantalis, men soukous latè 12 janvye 2010 la se te yon kou siprann pou tout moun. Sitou ak fòs li frape rejyon lwès ak sidès Ayiti. Kounye a, plis pase 2 semèn apre trajedi sa a, peyi a kontinye ap konte kadav, swaye blese, e evalye dega materyèl.

Otorite yo estime soukous la kapab kite dèyè yon bilan ki trè lou, swa 200 mil mò ou plis, pliyè milye blese, ak plizyè santèn milye moun ki pral oblije deplase kont volonte yo. Men enpak tranblemann’tè a ale pi lwen pase sa moun ka obsève nan mond materyèl la.

Li gen yon kokenn enpak psikolojik. E nan pwogram Lib Tribin Vwadlamerik mèkredi 27 janvye a, nou eseye konsidere aspè sa a, antwòt.

Nou fikse atansyon nou sou reyalite sila yo ki soti vivan anba katastwòf la. Istwa yo. Kouraj yo. Lapenn yo. Espwa yo. Pwojè yo.

Nou wè sa ak envite spesyal nou, Psikològ Mode Silver ak Doktè Marie José François, ki nan eta Florid. Nan fen pwogram nan, nou te pale ak yon lidè kominotè.

Marie-Luce Pierre ak Cherubin Dorcil te modere deba a nan Washington. Pierre Nazon Beaulière ak Sandra Dominique nan fè kowòdinasyon ak envite yo nan studio nou nan Miami. Epi Jean Robert Philippe ak Renan Toussaint te akeyi plizyè reskape nan 2 zòn diferan nan Pòtoprens.

Klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou koute pwogram Lib Tribin VOA

XS
SM
MD
LG