Accessibility links

Breaking News

2 Lòt Sekous Segondè Sekwe Pòtoprens Madi 26 Janvye a


2 semèn apre tranbleman dete ki te fè pou pipiti 150 mil mò nan peyi Dayiti, Pòtoprens anrejistre 2 lòt sekous segondè. Korespondan Lavwdlamerik nan kapital la, Clarens Renois, fè konnen sekous sa yo te kreye gwo panik nan mitan popilasyon an ki te kouri kite kay yo. Sepandan yo pat anrejistre ankenn dega ape sekous yo.

Dapre Enstiti Ameriken kap kontwole tranbleman detè yo, kapab genyen lòt sekous ankò nan jou kap vini yo.

Klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou koute repòtaj korespondan nou, Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG