Accessibility links

Breaking News

Obama: Etazini Kanpe Fèm Dèyè Ayiti


Prezidan Barack Obama deklare pèt Ayiti subi nan soukous madi 12 janvye a pa mwens ke "devastatè". Nan yon deklarasyon Prezidan Ameriken an fè nan Lamezon Blanch, li anonse yon envestisman $100 milyon pou apiye efò sekou yo ann Ayiti. Li fè konnen apui sa a rive nan nasyon karayibeyèn nan e gen plis ki nan wout. Msye Obama di sa pral pran plizyè èdtan, pètèt plizyè jou, pou tout resous ak pèsonel Ameriken yo rive sou plas. Obama deklare e nap site: Etazini kanpe an solidarite ak Ayiti.

Vreman vre, gouvenman Ameriken an lanse yon kokenn operasyon sivil ak militè pou ede Ayiti nan okazyon katastwòf sila a. Sòlda 82èm divisyon ayewopòte a ap kite yo baz militè nan Kawolin di Nò jodi jedi a pou yo prepare debakman yon fòs ki pi laj. Plis pase 2 mil Merin ap vwayaje al ann Ayiti pou bay konkou nan domèn sekirite, rechèch, sekou, ak livrezon pwodui imanitè.

Ansyen Prezidan Bill Clinton, ki se anvwaye spesyal L’ONU pou Ayiti, deklare tranbleman de tè sa a se youn nan pi gwo kriz imanitè ki janm rive nan istwa Amerik yo.

Sekretè deta Hillary Clinton ak Minis Defans Robert Gates anile vwayaj yo tap fè nan rejyon Azi-Pasifik la, pou yo ka sipèvise efò sekou yo pou Ayiti, apati de Washington, DC.




XS
SM
MD
LG