Accessibility links

Breaking News

ONU: Ayewopò Pòtoprens Relouvri


Nasyon –Zuni fè konnen ayewopo Potoprens-la ouvè kounye-a, men gen gwo konjestyon ladann, e bonn ko-odinasyon pral nesesè pou distribuye asistans nan zonn ki afekte yo. Responsab Lonu yo di yap retire debri nan prensipal wout ki soti nan ayewopo-a pou rive nan capital-la, Potoprens, dekwa pou machinn kapab utilize yo.

Direktè buwo Pwogram alimantè mondyal-la nan vil Jenèv, Charles Vincent, fè konnen pifo moun pa jwenn manje pou yo manje depi anviwon 2 jou, a leksepsyon 3 mil kretyen vivan ki abite tou pre ayewopo vil Jakmèl-la ki resevwa kèk pwodui alimantè yè mèkredi-a. Mesye Vincent kontinue pou’l di ajans-la pral komanse distribuye manje bay 2 mil 400 benefisyè nan Potoprens anvan lontan.

"Tankou mwen di’l: Lè nou konpare demach nou-a ak sa moun yo bezwen, se tankou yon goutt dlo nou lage nan lanmè-a. Sepandan, se yon premye pa , e nou pral ogmante distribusyon yo rapidman ak stok ki disponib nan Potoprens, e gen posiblite pou’l pote kèk stok nou genyen nan vil Gonayiv, si sa ta nesesè. Nap eseye idantifye kèk patnè nan domèn distribusyon-an. San di pètèt, tout ajans yo afekte seryeuzman, e sa pral tounen yon kokenn pwoblèm nan jou kap vini yo," Misye Vincent deklare.

Dapre responsab Nasyon-Zuni yo, gen plis pase 100 nan anplwaye Lonu yo ki disparèt jiskaprezan, e gen anpil ladan yo ki déjà mouri. Yo presize genyen ant 50 ak 100 travayè bloke nan lokal Lonu genyen nan kapital-la, POtoprens. Anplis desa, ajans kap bay asistans yo di y opa konnen sak rive staff lokal yo-a. Men, misyon fouy ak sekou yo ap continue. Ajans èd yo fè konnen, premye priyorite yo, se distribuye manje, dlo potab, system sanitè ak lojman dujans, swen medical ak materyèl ki nesesè.

Dapre sa responsab oganizasyon mondyal lasante fè konnen, genyen omwen 8 lopital ki subi dega oubyen ki detwi rapyetè nan peyiti gen 2 lopital nan Santo Domingo, republic dominikèn, ki subi gwo dega tou.

Yon potpawol oganizasyon mondyal lasante, Paul Garwood, pale pou’l di: situasyon sa-a pral diminue posiblite pou moun resevwa tretman ki kapab sove lavi yo.

Nou santi ke enpak tranbleman detè sa-a pral devaste ayisyen yo ki déjà ap men-nen yon egzistans vulnerab , li pral gen yon enpak tou sosyete-a ak ekonomi peyi Dayiti. Nan kèk local, nou konstate key o voye plis pase 600 moun vinn resevwa tretman nan premye 24 a 36 zè yo. Pi gwo pwoblèm lasante nou konstate, se pwoblèm blesu twomatik sevèr, blesu entèn ki nomalman asosye ak moun ki bloke andedan kay ki sot tonbe sou yo.

Potpawol oganizasyon mondyal lasante, Paul Garwood, di pi gwo priyorite ajans li-a, se anpeche maladi kontajyeuz yo gaye nan peyi-a, li continue pou’l di : anba kondisyon dezass, genyen yon gwo risk pou mount rape enfeksyon respiratwa ak dyare!

XS
SM
MD
LG